Jwenn konsila w la

Sèvis Netwayaj nan Otèl: Yon moun k ap fè netwayaj nan otèl ki vin bay dra nan yon chanm.

"Yo te fè diskriminasyon kont mwen ak/oswa mwen te sibi asèlman"

Ou gen pwoteksyon kont diskriminasyon ak asèlman nan travay ak nan kad pwosesis rekritman an, kèlkeswa estati imigrasyon w.

Komite K ap Travay Pou Tout Moun Jwenn Menm Opòtinite nan Kesyon Travay la se ajans Ozetazini ki responsab pou fè aplike lwa federal kont diskriminasyon yo nan travay. Pou w jwenn plis enfòmasyon, ale sou www.eeoc.gov, oswa rele 1-800-669-4000 / 1 800 669 6820 (TTY). Ou ka pale ak yon moun ann Espanyòl, Anglè, ak sèt lòt lang.

Asèlman se yon kalite diskriminasyon nan travay, e si l grav oswa li rive souvan, li ilegal. Lwa federal la entèdi asèlman ki baze sou ras, koulè, relijyon, sèks (sa gen ladan l gwosès, oryantasyon seksyèl, idantite seksyèl), peyi yon moun soti, laj (40 oswa pi gran), andikap, enfòmasyon sou jèn, oswa aktivite ki pwoteje (tankou depoze yon plent pou diskriminasyon oswa patisipe nan yon ankèt oswa pwosè anrapò ak diskriminasyon).

EEOC a se ajans Ozetazini ki responsab pou fè aplike lwa federal kont diskriminasyon yo nan travay. Pou w jwenn plis enfòmasyon, ale sou www.eeoc.gov , oswa rele 1-800-669-4000 / 1‑800-669-6820 (TTY). Ou ka pale ak yon moun ann Espanyòl, Anglè, ak sèt lòt lang. Ou ka aprann plis tou konsènan fason pou w depoze yon akizasyon sou https://www.eeoc.gov/filing-charge-discrimination.

Pou w depoze yon akizasyon, tanpri, ale sou platfòm piblik EEOC a sou https://publicportal.eeoc.gov/Portal/Login.aspx.

Pou plis enfòmasyon konsènan asèlman, ale sou worker.gov/harassment.

Asèlman seksyèl, sa gen ladan l avans seksyèl ou pa aksepte, demann pou favè seksyèl, ak lòt asèlman ak pawòl oswa fizik ki gen bagay seksyèl, pa legal. Met sou sa, di pawòl blesan konsènan sèks yon moun ka asèlman ilegal ki gen rapò ak sèks. Pa egzanp, li ilegal pou yon moun fè asèlman sou yon fi lè l plede si bagay ki blesan sou fi an jeneral.

Piske asèlman seksyèl se yon kalite diskriminasyon, ou ka depoze yon plent nan EEOC sou platfòm piblik yo a.

Pou plis enfòmasyon sou asèlman seksyèl, ale sou paj entènèt EEOC sou asèlman seksyèl la ak paj entènèt DOL sou asèlman seksyèl la.

Fè yon moun travay, fè sèvis, oswa sèks pou lajan pa mwayen fòs, magouy, oswa presyon se yon krim ki rele trafik moun. Pa gen okenn dosye pou yon moun ki viktim zak ilegal. Nenpòt moun ka viktim trafik moun—kèlkeswa ras li, koulè po l, peyi l soti, andikap, relijyon l, laj ou, oryantasyon seksyèl li, idantite seksyèl li, ran sosyal ak ekonomik li, nivo edikasyon l oswa nasyonalite l. Trafik moun ka fèt lè gen presyon nan domèn sikolojik oswa menas pou yo fè w mal ki pa fizik, menm si pa gen vyolans fizik oswa menas pou yo fè w mal oswa mete restriksyon nan domèn fizik.

Si oumenm oswa yon moun ou konnen nan yon anviwònman ki sanble gen tranzaksyon ilegal nan kesyon travay ak sèk, rele 911.

Ou menm oswa yon moun ou fè konfyans ka rele Liy Dirèk Nasyonal pou Lite Kont Trafik Moun nan ki se 1-888-373-7888; voye mesaj "BeFree" nan (233733); oswa Tchat an dirèk sou humantraffickinghotline.org.

Pou plis enfòmasyon sou fason pou w rapòte trafik moun, ou ka ale sou sit entènèt EEOC a pou resous sou trafik moun.

Tit VII Lwa sou Dwa Sivil (Tit VII), ki se yon lwa federal kont diskriminasyon EEOC aplike, entèdi anplwaye ki konsène yo pou yo fè diskriminasyon kont yon anplwaye akoz peyi anplwaye a soti oswa ras, pami lòt karakteristik ki konsène yo. Tit aplike pou moun k ap travay pou konpayi ki gen 15 oswa plis anplwaye. Tit VII lan aplike kèlkeswa nasyonalite oswa estati imigrasyon an.

Pou w aprann plis konsènan EEOC a oswa Tit VII lan, tanpri ale sou www.eeoc.gov  oswa rele 1-800-669-4000 / 1-800-669-6820 (TTY). Ou ka pale ak yon moun ann Espanyòl, Anglè, ak sèt lòt lang. Ou ka aprann tou sou fason pou w depoze yon akizasyon nan EEOC a sou https://www.eeoc.gov/filing-charge-discrimination.

An jeneral, yon konpayi ki gen kat oswa plis anplwaye pa ka fè diskriminasyon kont ou akoz nasyonalite w oswa estati imigrasyon w. Sitwayen Ameriken, resòtisan Ameriken, moun k ap mande azil, refijye, ak moun ki fenk jwenn rezidans pèmanan yo pwoteje kont diskriminasyon ki baze sou nasyonalite lè y ap anboche, revoke, ak pwosesis rekritman oswa referans pou lajan.

Ou ka kontakte Liy Dirèk pou Travayè nan Seksyon Dwa Imigran ak Anplwaye (IER) nan Ministè Jistis Ameriken an nan 1-800-255-7688 si w santi w sibi youn nan kalite diskriminasyon sa yo.

Ou gen dwa pou w gen pwoteksyon kont diskriminasyon ki baze sou sèks ou (sa gen ladan l gwosès, oryantasyon seksyèl, ak idantite sèks). Sa vle di konpayi w ap travay la pa ka fè diskriminasyon kont ou akoz sèks oswa akoz prejije akoz sèks ou (pa egzanp, a kisa w sanble, fason w abiye, oswa aji).An jeneral, sa vle di yo pa ka revoke w, rejte w pou yon travay oswa pwomosyon, ba w mwens travay, fòse w ale, oswa yo pran sanksyon kont ou akoz sèks ou.

Ou gen dwa pou w depoze yon plent oswa yon Akizasyon pou Diskriminasyon, patisipe nan yon ankèt k ap fèt nan kad diskriminasyon oswa pwosè nan travay, patisipe nan nenpòt aktivite opòtinite travay egal ki pwoteje (EEO), oswa kanpe kont asèlman oswa diskriminasyon san konpayi w ap travay la pa fè reprezay sou ou.

An jeneral, ou gen dwa pou w jwenn pwoteksyon kont diskriminasyon kèlkeswa nasyonalite w oswa estati imigrasyon w, menm si nan kèk sitiyasyon, estati imigrasyon w ka fè gen limit nan solisyon w ap ka jwenn.

Ou gen dwa pou w touche pou travay ou fè. Ou gen dwa pou w depoze yon plent oswa yon Akizasyon pou Diskriminasyon, patisipe nan yon ankèt k ap fèt nan kad diskriminasyon oswa pwosè nan travay, patisipe nan nenpòt aktivite opòtinite travay egal ki pwoteje (EEO), oswa kanpe kont diskriminasyon san konpayi w ap travay la pa fè reprezay sou ou.

Nan kad Lwa Pèman Egal la, fanm ak gason gen dwa pou yo touche menm lajan si yo fè menm travay kote y ap travay la. Daprè lwa sa a, kantite anplwaye yon konpayi genyen pa enpòtan, e pifò anplwaye ki nan sektè piblik ak prive yo kouvri.

Pou w aprann plis konsènan EEOC a oswa Tit VII lan, tanpri ale sou www.eeoc.gov oswa rele 1-800-669-4000 / 1-800-669-6820 (TTY). Ou ka pale ak yon moun ann Espanyòl, Anglè, ak sèt lòt lang. Ou ka aprann tou sou fason pou w depoze yon akizasyon nan EEOC a sou https://www.eeoc.gov/filing-charge-discrimination.

Tit VII Lwa sou Dwa Sivil (Tit VII), ki se yon lwa federal kont diskriminasyon EEOC aplike, entèdi anplwaye ki konsène yo pou yo fè diskriminasyon kont yon anplwaye akoz peyi anplwaye a soti oswa ras, pami lòt karakteristik ki konsène yo tankou sèks. Yon konpayi pa ka fè diskriminasyon ilegal nan fason l fè rekritman.

Tit VII Lwa sou Dwa Sivil (Tit VII) entèdi anplwaye ki konsène yo pou yo fè diskriminasyon kont yon anplwaye paske l ansent. Gwosès gen ladan l gwosès nan moman an, gwosès ki pase, gwosès ki posib, ak kondisyon medikal ki gen rapò ak gwosès oswa akouchman sa gen ladan l alètman ak bay lèt, avòte oswa deside pa fè avòtman, ak planin. Diskriminasyon ilegal nan kesyon travay ka gen ladan l diskriminasyon ki enplike ajans rekritman yo.

Lwa sou Jistis pou Fanm k ap Travay ki Ansent (Pregnant Workers Fairness Act, PWFA) lan se yon nouvo lwa ki bay konpayi ki kouvri yo obligasyon pou yo fè aranjman ki rezonab pou yon limit yo konnen yon travayè genyen akoz li ansent, li akouche oswa ki gen rapò ak kondisyon medikal li, sof si aranjman sa yo ap mete konpayi a nan gwo difikilte.

Pou w aprann plis konsènan EEOC, Tit VII lan, oswa PWFA a, ale sou www.eeoc.gov oswa rele 1-800-669-4000 / 1-800-669-6820 (TTY).

Ou ka pale ak yon moun ann Anglè, ak lòt lang. Ou ka aprann tou sou fason pou w depoze yon akizasyon nan EEOC a sou https://www.eeoc.gov/filing-charge-discrimination.

Si w ap fè alètman, ou ka gen dwa. Pou w aprann plis sou pwoteksyon pou moun k ap travay nan domèn enfimyè, tanpri gade: