Jwenn konsila w la

-	Bòs chapant: Travayè konstriksyon k ap leve yon bout bwa pandan y ap travay sou yon chantye konstriksyon.

"Mwen pa santi m an sekirite nan travay la"

Ou gen dwa pou w travay yon kote ki an sekirite e ki pwòp kèlkseswa estati imigrasyon w.

Si w panse konpayi w ap travay la pa ba w yon kote pou w travay ki an sekirite e ki bon pou sante w, ou ka kontakte Biwo Sekirite ak Sante nan Travay (OSHA) nan 1 800 321 6742. Si w se yon travayè agrikòl, ou ta dwe kontakte OSHA nan eta a si w nan eta ki annapre yo: Maryland, Puerto Rico, Virginia, Vermont, North Carolina, Tennessee, Michigan, New Mexico, Arizona, California, Hawaii, Nevada, Oregon ak Washington. Eta sa yo kouvri travayè ki pa nan domèn agrikilti tou.

Si w pa yon travayè agrikòl, ou ta dwe kontakte OSHA nan eta a si w nan eta ki annapre yo: South Carolina, Utah, Iowa, Minnesota, Kentucky, Alaska, Indiana, Wyoming, ak Virginia. Pou nimewo telefòn yo, ale sou www.osha.gov epi klike sou "Contact Us" Enfòmasyon sa a disponib ann Espanyòl, Kreyòl Ayisyen, ak lòt lang.

Si enkyetid ou gen anrapò ak sekirite ak sante sou lojman konpayi w la bay la, ou ka kontakte Depatman ki Responsab Salè ak Èdtan an nan telefòn: 1-866-487-9243. Ou ka kontakte Depatman ki Responsab Salè ak Lè a kèlkeswa eta w ye a.

Si w panse kondisyon travay yo pa an sekirite oswa yo pa bon pou sante, ou ka depoze yon plent konfidansyèl nan OSHA oswa Depatman ki Responsab Salè & Lè a. Si w nan youn nan eta ki mansyone pi wo a ki gen yon plan eta OSHA, ou ka mande OSHA nan eta a pou l vin fè yon verifikasyon.

Prensip pou kan travay tanporè a pa bay obligasyon pou gen lojman apa pou fanm ak gason. Men, chak moun ki nan yon chanm pou dòmi dwe gen omwen 50 mèt kare oswa espas atè a ak espas pou yo mete bagay pèsonèl yo. Kabann, kabann pou kan, ak kabann etaj yo dwe nan yon distans twa pye youn ak lòt.

Nan kad prensip pou kan travay tanporè a, yo dwe bay lojman apa pou fanm ak gason. Yo dwe make twalèt yo ak foto oswa senbò ki fasil pou konprannl, oswa mo ann Anglè ak lang moun ki rete nan kay la. Twalèt gason ak fi to dwe separe ak mi ki solid oswa baraj ki sot atè a monte nan do kay la oswa plafon an.

Lè w gen pou w travay ak men w pandan plis pase twazèdtan pa jou (transpò ladan l) nan jaden yon agrikiltè ki gen onz oswa plis travayè, moun ki anboche w la gen obligasyon pou l bay twalèt ki pwòp ak kote pou lave men ki gendlo pwòp, savon, ak sèvyèt pou sèvi yon sèl fwa, ak yon mwayen pou jete dechè, sa gen ladan l pwodui ijyenik. Plan Eta ki gen Awpwobasyon OSHA yo ka kouvri fèm k gen mwens travayè manyèl. Travayè yo dwe mande OSHA nan chak Eta pou yo konnen sa ki kouvri. Si konpayi a pa bay enstalasyon yo mande yo, sa ka fè yo fè l obsèvasyon, li resevwa penalite, ak lòt sanksyon jan sa apwopriye.

Si w panse konpayi w ap travay la pa t respekte kondisyon sa yo, ou ta dwe kontakte Depatman Salè & Lè a nan telefòn: 1-866-487-9243 (WHD). Si w nan yon eta ki gen yon plan eta OSHA ki kouvri travayè agrikòl, ou ta dwe kontakte OSHA nan eta a. Gade enfòmasyon an nan kòmansman seksyon sa a, Sekirite ak Sante nan Travay

Si konpayi w ap travay la gen obligasyon pou l bay twalèt sou teren, jan sa dekri pi wo a, konpayi dwe bay poz rezonab pandan jounen travay la pou al nan twalèt.

Si w panse konpayi w ap travay la pa t respekte kondisyon sa yo, ou ka kontakte Depatman Salè & Lè a nan telefòn: 1-866-487-9243. Si w nan yon eta ki gen yon plan eta OSHA ki kouvri travayè agrikòl, ou ta dwe kontakte OSHA nan eta a. Gade enfòmasyon an nan kòmansman seksyon sa a, Sekirite ak Sante nan Travay

Chalè ka fè w malad e l ka menm touye w. Konpayi yo dwe pwoteje anplwaye yo kont gwo chalè ki ensipòtab. Mwayen ki pi senp pou sa fèt gen ladan l bay dlo, repo, ak poz pou al nan lonbray. Si w panse konpayi w ap travay la pa pwoteje travayè yo kont chalè yo anba l la, kontakte OSHA, oswa si w nan yon eta ki gen plan eta OSHA, ou ta dwe kontakte ajans sa a.

Pou plis enfòmasyon, ale sou paj entènèt OSHA a sou Lè moun anba gwo Chalè oswa Prevansyon pou Maladi Chalè Lakòz.

Wi. Si w se yon travayè manyèl k ap travay nan yon fèm ki gen onz oswa plis anplwaye, konpayi a dwe bay dlo potab, ki fre pou bwè ak poz rezonab pou w bwè l. Plan Eta ki gen Awpwobasyon OSHA yo ka kouvri fèm k gen mwens travayè manyèl. Travayè yo dwe mande OSHA nan chak Eta pou yo konnen sa ki kouvri.

Konpayi nan tout lòt sektè yo, tankou konstriksyon ak fabrikasyon, dwe bay dlo potab tou pou tout anplwaye yo.

OSHA mande pou konpayi yo peye pifò ekipman pwoteksyon pèsonèl (PPE) yo itilize yo pou respekte prensip OSHA yo. An jeneral, konpayi yo pa ka mande w pou w pote pwòp PPE w.

Pou plis enfòmasyon, ale sou paj entènèt OSHA a sou PPE.

Ou dwe ka gen posibilite pou w itilize pwòp PPE w jan w vle. Konpayi w ap travay la dwe asire l ekipman w lan apwopriye pou l pwoteje w kont danje nan travay la, sa gen ladan l antretyen ak ijyèn ekipman an.

Pou plis enfòmasyon, ale sou paj entènèt OSHA a sou PPE.

Bay ak itilize PPE pou aplike pwodui chimik pou elimine bèt nuizib tonbe anba otorite Ajans Pwoteksyon Anviwònman (EPA), espesyalman Prensip pou Pwoteksyon Travayè Agrikòl yo. Aprann plis bagay sou paj EPA a: Pwoteksyon Travayè k ap Itilize Pwodui Chimik pou Touye Bèt Nuizib.

Ou ka kontakte OSHA pou ede w ak danje ki gen nan travay la. Ou ka rele OSHA gratis tou nan 1-800-321-OSHA (6742), epi peze opsyon 4. Ou ka kontakte biwo OSHA ki nan zòn ou an tou. Si w nan yon eta ki gen yon plan eta OSHA, ou ta dwe kontakte OSHA nan eta a. Pou yon lis eta sa yo, gade enfòmasyon an nan kòmansman seksyon sa a, Sekirite ak Sante nan Travay.

OSHA gen resous sou sit entènèt yo a tou konsènan blesi. Pou plis enfòmasyon, ale sou paj entènèt OSHA a sou fason pou ranje espas ak pwoblèm nan mis ak zo.

Konpayi w ap travay la dwe ba w enstriksyon anrapò ak sante nan yon lang ou konprann.

Pou plis enfòmasyon, ale sou paj entènèt OSHA a sou fòmasyon.