Jwenn konsila w la

-	Maria Trejo: Yon fi k ap peze kòt sou yon balans dèyè yon kontwa vyann.

"Yo pa t peye m jan yo ta dwe peye m"

Ou gen dwa pou yo peye w pou tout èdtan ou te travay yo.

Ministè Ki Responsab Salè ak Lè nan Ministè travay la pran angajman pou l asire l travayè migran tankou w yo touche sa yo dwe touche e pou tout lè yo travay.

Si w panse konpayi w ap travay la pa t peye w salè yo dwe peye w, ou ka kontakte Depatman Salè & Lè a nan telefòn: 1-866-487-9243

Si w ap travay nan kad pwogram viza H-2A oswa H-2B a, oswa si Lwa pou Pwoteksyon Migran ak Travayè Agrikilti Sezonye ("MSPA") a konsène w, konpayi w ap travay la dwe ba w yon dokiman ekri nan yon lang ou konprann ki dekri kondisyon travay ou a. Dokiman sa a ta dwe gen enfòmasyon sou salè w ak tout lajan konpayi a retire nan chèk ou.

Konpayi w ap travay la dwe peye alè. Si w ap travay nan kad pwogram viza H-2A oswa H-2B a, oswa si Lwa pou Pwoteksyon Migran ak Travayè Agrikilti Sezonye ("MSPA") a konsène w, konpayi w ap travay la dwe ba w yon dokiman ki detaye, ekri ki gen relve sa w touche a (fich pèman) lè yo peye.

An jeneral konpayi yo dwe bay tout zouti, materyèl, ak ekipman ki nesesè pou w fè travay ou san w pa peye pou sa.

Ou ka depoze yon plent nan Depatman Ki Responsab Salè ak Lè (WHD) lè w rele namn nimewo telefòn: 1-866-487-9243. Plent ou a ka fè y al mennen ankèt sou konpayi a pou gade si l repekte lwa ki aplikab yo.

Si yo dwe w salè yo pa t peye w, Depatman Ki Responsab Salè ak Lè a ap touche lajan sa yo ou pa t touche yo epi y ap fè efò pou yo jwenn kote w ye. Ou ka verifye tou si WHD te touche pou salè sa yo potko peye w la lè w ale sou sit Salè yo Dwe Travayè a oswa lè w rele 1‑866‑487‑9243 pou w poze kesyon.

Si w retounen nan peyi w, men w panse yo dwe w salè ou te travay pou li Ozetazini, e w vle verifye si Depatman Salè ak Lè touche salè sa yo, ale sou sit Salè yo Dwe Travayè a, oswa rele liy dirèk gratis la nan 1-866-487-9243 (1‑866-4-USWAGE). Baz done a disponib ann Espanyòl e gen reponn pou kesyon yo nan plis pase 200 lang kèlkeswa estati imigrasyon an.

Si w Meksik, Depatman Salè ak Lè a ak Sekretarya Travay ak Byennèt Sosyal nan Meksik (STPS) te lanse Pwogram Esè ant Etazini ak Meksik pou Voye Lajan Migran yo Pa t Touche a pou yo ka jwenn travayè ki Meksik yo dwe salè.

Pou w resevwa salè w pa t touche yo, rele @STPS_mx nan +52-55-3067-3028 oswa voye yon imel ba yo nan recuperacionsalariosh2a@cloud.stps.gob.mx.