Si ou konnen opsyon ou genyen nan avantaj sosyal yo, w ap kapab pi byen asire tèt ou ak moun ou responsab yo. Avèk kèk enfòmasyon debaz, ou kapab pran mezi ak bon sans pou jwenn plan sante ou ap bezwen an nan chak etap nan lavi ou.

Maryaj

Sa ou dwe konnen: Lè ou marye, w ap kapab chanje plan sante ou a pandan w ap:

  • Ajoute tèt ou, konjwen ou, avèk pitit ou nan plan enstitisyon ki anplwaye ou a,
  • Enskri nan plan enstitisyon ki anplwaye konjwen ou, oswa
  • Jwenn yon plan sou Mache Asirans Sante a.

Chèche jwenn detay sou opsyon enskripsyon espesyal ou yo epi asire w ou konprann kijan chak plan fonksyone. Chèche konnen avantaj ou genyen ki asire yo, franchiz yo, kotizasyon avèk prim w ap genyen pou ou peye, epi si w ap kapab kontinye avèk menm doktè yo.

Sa ou dwe fè: Pou ou kapab kalifye pou yon enskripsyon espesyal nan yon plan enstitisyon ki anplwaye moun ofri selon Lwa sou Responsabilite nan Kad Asirans Sante (Health Insurance Portability and Accountability Act, HIPAA), ou dwe mande enskripsyon pou tèt ou, konjwen ou, ak timoun ou yo ki nan plan enstitisyon ki anplwaye ou an oswa plan enstitisyon ki anplwaye konjwen ou an nan espas 30 jou apre ou fin marye. Si w ap chwazi yon plan sou Mache a, ou sipoze chwazi yon plan pou ou ak fanmi ou nan 60 jou oplita apre ou fin marye.

Verifye epi konpare tout opsyon yo avan ou deside ki plan sante ki ap pi bon pou ou.

Gwosès, Akouchman ak Adopsyon

Sa ou dwe konnen: Selon Lwa sou Swen Pou Tout Moun (Affordable Care Act, ACA) la, anpil plan pou enstitisyon ki anplwaye moun ak tout plan yo achte nan Mache Asirans Sante a dwe genyen ladan yo avantaj sosyal pou gwosès, akouchman, ak swen pou ti bebe ki fèk fèt. Pifò plan yo kouvri byennèt ti bebe ak byennèt timoun san ou pa peye kotizasyon, ni asirans oswa franchiz tout otan ou itilize yon founisè rezo.

Nesans, adopsyon, ak plasman pou adopsyon ka deklannche yon peryòd enskripsyon espesyal pandan ou menm, konjwen ou, ak nouvo moun ki sou kont ou kapab enskri nan plan enstitisyon ki anplwaye ou oswa yon plan ki disponib sou Mache a. Selon Lwa sou Pwoteksyon Sante Tibebe ak Manman yo (Newborns' and Mothers' Health Protection Act), plan ki bay avantaj sosyal pou matènite oswa timoun ki fèk fèt jeneralman dwe bay pwoteksyon pou manman yo ak timoun ki fèk fèt yo pou kapab entène nan lopital la pou omwen 48 èdtan apre yon akouchman nòmal oswa 96 èdtan apre yon sezaryèn, sof si doktè a oswa medsen tretan an, nan konsiltasyon ak manmanm an, deside egzeyate li pi bonè. Si Eta ou ye a genyen yon lwa ki bay pwoteksyon menmjan an epi plan ou a ofri pwoteksyon pa mwayen yon reglèman asirans oswa HMO, ou kapab pwoteje selon lwa Eta ou ye a olye se selon Lwa pou Timoun ki fèk fèt la. Plan ou a dwe ba ou yon avi sou dwa ou genyen pou kabap entène lopital la apre akouchman. Si plan ou a asire, avi a dwe dekri pwoteksyon ou genyen yo dapre lwa Eta ou ye a.

Sa ou dwe fè: Konsilte "Deskripsyon Rezime Plan" plan ou a (Summary Plan Description, SPD) ak "Rezime Benefis ak Asirans yo" (Summary of Benefits and Coverage, SBC) pou konnen ki avantaj pou matènite ak timoun ki fèk fèt, byennèt pou bebe ansanm ak avantaj byennèt pou timoun plan ou an ofri yo. Pou plis enfòmasyon sou kondisyon pou entène nan yon lopital apre akouchman Eta ou ye a bay yo, vizite sit entènèt National Association of Insurance Commissioners pou jwenn biwo komisyonè asirans Eta ou ye a.

Pou mande yon enskripsyon espesyal pou pitit ou nan yon plan enstitisyon ki anplwaye moun ofri, ou dwe kominike sa ak plan an nan 30 jou oplita apre nesans lan, adopsyon an oswa plasman nan adopsyon an. Pwoteksyon pou timoun lan ap aplike nan menm dat nesans lan, adopsyon an oswa plasman nan adopsyon an. Plan ou an kapab mande pou avi a fèt alekri.

Si ou deside enskri pitit ou a nan yon plan asirans ki disponib sou Mache a, ou dwe fè sa nan espas 60 jou apre dat nesans lan, adopsyon an, oswa plasman nan adopsyon an.

Lè Pitit Ou a Pa sou Kont ou Ankò

Sa ou dwe konnen: Si plan enstitisyon ki anplwaye ou an ofri pwoteksyon pou timoun ki sou kont ou, pitit ou a kapab rete ladan l jiskaske li gen 26 lane. Depi laj pitit ou a depase, li ap kalifye pou:

  • Pwoteksyon anba plan enstitisyon ki anplwaye li a,
  • Enskripsyon espesyal nan yon pwoteksyon asirans ki disponib sou Mache a, oswa
  • Acha yon asirans sante tanporè pou pi plis 36 mwa selon Lwa Rekonsilyasyon Bidjetè Omnibis Konsolide (Consolidated Omnibus Budget Reconciliation Act, COBRA). Jeneralman, COBRA asire plan sante yon enstitisyon ki anplwaye moun ki gen plis pase 20 anplwaye.

Sa ou dwe fè: Pou enskri espesyalman nan yon asirans ki disponib sou Mache a, pitit ou a dwe enskri nan espas 60 jou apre li fin depase laj ki tabli pou plan ou a. Pou aktive asirans COBRA a, ou dwe kominike ak enstitisyon ki anplwaye ou an alekri nan espas 60 jou apre pitit ou a fin genyen 26 lane. Plan ou a dwe kominike ak pitit ou a konsènan dwa li genyen pou kontinye jwenn avantaj sante l yo atravè COBRA. Pitit ou a ap genyen 60 jou apati dat yo te voye nòt la pou li kapab aktive asirans COBRA a.

Lanmò, Separasyon Legal ak Divòs

Sa ou dwe konnen: Lè yon anplwaye ki asire anba yon plan enstitisyon ki anplwaye l la finanse mouri, separe legalman, oswa divòse, konjwen ki asire a ak timoun ki sou kont li yo dwe konsidere opsyon pa yo pou yon asirans sante. Si konjwen an gen yon plan sante nan travay li, li menm ak nenpòt lòt moun ki sou kont li toujou elijib pou enskri spesyalman ladann. Oswa yo kapab enskri espesyalman nan yon asirans sante ki disponib sou Mache a.

Konjwen an ak timoun ki sou kont li toujou yo kapab elijib pou kontinye nan plan sante ki te la deja an pou espas 36 mwa anba asirans COBRA. Plan an dwe fè yo konnen dwa yo genyen pou yo kabap achte asirans COBRA an. Pifò plan yo ekzije moun ki elijib yo aktive asirans COBRA nan 60 jou oplita apre yo remèt avi a.

Sa ou dwe fè: Pou enskri w espesyalman nan asirans sante a, konjwen an ak timoun ki sou kont li yo dwe mande yon enskripsyon espesyal nan plan enstitisyon ki anplwaye konjwen an bay lan nan espas 30 jou apre pèt asirans lan oswa seleksyone yon plan ki disponib sou Mache a nan 60 jou oplita apre pèt asirans lan.

Pou asirans COBRA an, enstitisyon ki anplwaye moun nan dwe kominike ak plan an nan 30 jou oplita si yon anplwaye ki te asire ta rive mouri. Si anplwaye ki te asire a ak konjwen li ta divòse oswa separe legalman, li menm oswa timoun ki sou kont yo toujou dwe fè plan an konnen sa nan 60 jou oplita. Pou chanjman nan lavi sa yo, plan an dwe kominike ak konjwen ou epi ak timoun ki sou kont li toujou yo sou dwa yo genyen pou elaji avantaj sante yo. Pifò plan yo mande pou moun ki kalifye yo chwazi plan asirans COBRA yo nan 60 jou oplita apre yo remèt avi a.

Pou Jwenn Plis Enfòmasyon

Administrasyon Sekirite Avantaj Anplwaye yo (Employee Benefits Security Administration, EBSA) nan Ministè Travay la jere plizyè lwa enpòtan sou avantaj sante ki ap jere plan sante enstitisyon ki anplwaye ou an bay – kijan sa fonksyone, kijan ou kalifye pou avantaj yo, dwa de baz ou genyen pou jwenn enfòmasyon, epi fason pou ou reklame avantaj ou yo. Mete sou sa, gen lwa espesifik ki pwoteje dwa ou genyen pou resevwa avantaj sante lè ou pèdi asirans ou oswa ou chanje travay.

Vizite EBSA pou kapab wè piblikasyon sa yo. Pou kòmande kopi oswa pou mande yon asistans nan men yon konseye nan avantaj sosyal, kontake EBSA oswa rele gratis nan 1-866-444-3272.

  • Yon Gid Anplwaye sou Avantaj Sante Dapre COBRA
  • 10 Pi Bon Fason Pou w Fè Avantaj Sante w yo Travay pou ou
  • Chanjman Nan Travay Mande Pou Fè Chwa Sante…Asire Dwa ou
  • Retirement and Health Care Coverage…Questions and Answers for Dislocated Workers

Ou kapab ale tou sou Sit Entènèt Ministè Sante ak Sevis Imanitè Etazini an oswa rele nan 1-800-318-2596 pou kapab jwenn plis done sou plan ki disponib sou mache a. Oswa kontakte biwo komisyonè asirans Eta ou ye a.