Mwen te resevwa yon avi konsènan Enfòmasyon sou benefis Retrèt Prive Potansyèl SSA. Kisa sa vle di?

Administrasyon Sekirite Sosyal la (Social Security Administration; SSA) te voye avi sa a pou ou paske ou te depoze yon reklamasyon pou benefis sekirite sosyal (lajan ke sekirite sosyal la dwe vèse ou). Se yon rapèl konsènan benefis retrèt enstitisyon travay prive ke w te fè gany de yo, yo rele yo tou "benefis ke w akeri dwa pou yo ki difere" (retade). Sèvis Revni Entèn nan (Internal Revenue Service; IRS) te bay SSA enfòmasyon sa yo. Se administratè plan ki administre plan retrèt prive yo ke w te patisipe ladan yo pandan w te yon anplwaye a ki bay IRS la enfòmasyon yo. Ou gendwa te deja resevwa kèk oswa tout benefis sa a yo. Ou ta dwe analize enfòmasyon sou plan ki nan avi sa a epi kontakte administratè plan ou idantifye a pou fè yon reklamasyon pou nenpòt benefis yo dwe ou.

Kilè patisipan yo ta dwe espere resevwa distribisyon apati plan retrèt yo apre fen anplwa (apre yo sispann travay)?

Anjeneral, lalwa egzije plan yo pou yo peye benefis retrèt pa pita pase lè yon patisipan rive nan laj nòmal pou l pran retrèt. Men, gen anpil plan – pami yo, plan 401(k) yo - ki bay peman pi bonè nan sèten sikonstans. Pa egzanp, règ yon plan gendwa pèmèt patisipan yo nan yon plan 401(k) resevwa peman benefis apre fen anplwa (apre yo sispann travay). Deskripsyon Plan Rezime Plan an (SPD) ta dwe tabli règ plan an pou jwenn distribisyon an ansanm ak tan distribisyon an apre fen anplwa a.

Èske yon enstitisyon travay ka patwone plis pase yon kalite plan retrèt? Èske mwen ta kapab kalifye pou benefis retrèt nan kad plis pase yon plan? E si mwen deja ap resevwa benefis retrèt?

Wi, yon enstitisyon travay kapab, men li pa oblije, patwone plis pase yon kalite plan retrèt, pa egzanp yon plan tankou 401(k) ak yon plan pansyon tradisyonèl. Si ansyen enstitisyon travay ou a te patwone plis pase yon kalite plan, ou gendwa kalifye pou benefis retrèt nan plis pase yon plan. Pa egzanp, ou gendwa resevwa benefis apati yon 401(k) oswa yon lòt plan kotizasyon ki defini nan moman ou te kanpe travay la, men ou toujou dwe resevwa benefis apati yon plan pansyon tradisyonèl (benefis defini). Verifye ak administratè plan an ki endike nan avi a pou detèmine si w gen benfis yo dwe ou.

Anjeneral, gen de (2) kalite plan retrèt: plan benefis ki defini ak plan kotizasyon ki defini. Yon plan benefis ki defini pwomèt ou yon benefis mansyèl espesifik lè w pran retrèt ou. Plan an gendwa endike benefis sa a kòm yon montan dola egzak, tankou $100 chak mwa lè w pran retrèt ou. Oswa, pi souvan, li gendwa kalkile yon benefis atravè yon fòmil plan ki konsidere faktè tankou salè ak sèvis - pa egzanp, 1 pousan nan salè mwayen ou pou 5 dènye ane travay yo pou chak ane sèvis ak travay ou an.

Yon lòt bò, yon plan kotizasyon ki defini pa pwomèt ou yon kantite lajan espesifik benefis lè w pran retrèt. Nan plan sa yo, ou menm oswa travay ou an (oswa toulede) kotize nan kont endividyèl ou nan kad plan an, pafwa nan yon pousantaj fiks, tankou 5 pousan nan salè ou chak ane. Anjeneral, kotizasyon sa yo envesti nan non w. Ou pral finalman resevwa balans lan nan kont ou, ki baze sou kotizasyon plis oswa mwens gany oswa pèd nan envestisman. Valè kont ou a ap varye akòz chanjman nan valè envèstisman ou yo. Kèk egzanp plan kotizasyon ki defini gen ladan yo plan 401(k) yo, plan 403(b) yo, plan kote anplwaye yo posede aksyon, ak plan pou pataj pwofi yo. Règ jeneral ERISA yo aplike pou chak kalite plan sa yo, men gen kèk règ espesyal ki aplike tou.

Ou ta dwe analize non plan an ak enfòmasyon ki nan avi a epi kontakte administratè plan an pou fè yon reklamasyon pou benefis sa yo. Si w deja ap resevwa benefis nan men plan an, ou gendwa pa okipe avi rapèl sa a.

Si enfòmasyon kontak ki nan avi mwen an pa ajou, kijan mwen ka jwenn enfòmasyon ajou yo?

Vizite sit Entènèt Ministè Travay la pou jwenn dènye rapò ànyèl plan w te ranpli a, ki gen ladan enfòmasyon kontak administratè plan an, oswa kontakte yon Konseye sou benefis jan yo endike l anba a pou èd.

E si avi sa a se pou (mari oswa madam ) konjwen mwen ki mouri a yo voye li? Èske yon benefis ka kontinye pou konjwen an si anplwaye a mouri anvan?

ERISA bay kèk pwoteksyon pou konjwen patisipan ki kontinye viv apre lanmò patisipan ki te fè gany yon akizisyon dwa benefis retrèt anvan lanmò yo. Kijan pwoteksyon an ye, sa depan ki kalite plan epi èske patisipan an mouri anvan oswa apre peman benefis an pwograme pou li kòmanse, lòt fason yo rele l se dat kòmansman rant lan.

Nan yon plan benefis ki defini oswa acha lajan, sof si ou menm ak konjwen ou chwazi yon lòt fsason, fòm peman an ap gen ladan yon benefis pou sivivan (pou moun ki kontinye viv apre lòt la mouri a). Benefis pou sivivan sa a, ki rele yon rant revèsib a konjwen sivivan ki kalifye (QJSA), li ap bay peman pandan tout lavi w ak tout lavi konjwen w lan. Peman benefis konjwen sivivan w lan resevwa a dwe omwen mwatye nan peman benefis ou te resevwa pandan lavi nou ansanm. Si w chwazi pa resevwa benefis pou sivivan an, ni ou menm ni konjwen ou dwe resevwa yon eksplikasyon alekri sou QJSA a epi, nan sèten limit tan, ou dwe bay yon dechaj alekri epi konjwen ou dwe siyen yon konsantman alekri pou fòm peman altènatif la san yon benefis pou sivivan. Yon notè oswa yon reprezantan plan an dwe la kòm temwen lè konjwen w lan ap siyen an.

Nan pifò plan 401(k) yo ak lòt plan kotizasyon ki define yo, plan an ekri yon fason pou diferan pwoteksyon aplike pou konjwen sivivan yo (konjwen ki kontinye viv apre lòt la mouri). Anjeneral, nan pifò plan kotizasyon ki define yo, si ou ta mouri anvan ou resevwa benefis ou yo, konjwen sivivan w lan ap resevwa yo otomatikman. Si w vle chwazi yon lòt benefisyè, konjwen w lan dwe bay konsantman l lè li siyen yon dechaj, pandan yon notè oswa yon reprezantan plan an la kòm temwen.

Si w te selibatè lè w te enskri nan plan an epi ou vin marye apre, li enpòtan pou w fè enstitisyon travay ou an ak/oswa administratè plan w lan konnen sa epi chanje estati w nan plan an. Si ou pa gen yon konjwen, li enpòtan pou w nonmen yon benefisyè.

Si ou menm oswa konjwen ou te sispann travay anvan premye janvye 1985, gen règ diferan ki aplike.

E si ansyen enstitisyon travay mwen an fèmen, yo te vann li, oswa li te deklare fayit. Kijan pou mwen jwenn plis enfòmasyon konsènan benefis retrèt potansyèl mwen yo?

  • Si yon plan tèmine (li pran fen) -

    Lalwa federal bay kèk mezi pou pwoteje anplwaye ki te patisipe nan plan ki tèmine (kip ran fen), kit se benefis ki defini, kit se kotizasyon ki defini. Lè yon plan tèmine, anplwaye aktyèl yo dwe vin gen akizisyon dwa 100 pousan nan benefis ki akimile yo. Sa vle di ou gen dwa a tout benefis ke w te fè gany de yo nan moman plan an tèmine a, menm benefis ou pa t akeri dwa ladan yo epi ke w t ap pèdi si ou te kite enstitisyon travay la. Si yon plan tèmine an pati, (pa egzanp: si enstitisyon travay ou an fèmen yon izin oswa yon divizyon an patikilye, sa ki vin lakòz fen anplwa yon gwo pousantaj patisipan nan plan an) anplwaye ki afekte yo (anplwaye ki sibi konsekans yo) dwe akeri dwa 100 pousan imedyatman nan limit fon (finans) plan an.

  • Si plan an ki kanpe a se te yon plan benefis ki defini epi li pa t gen ase lajan pou peye benefis yo -

    Gouvènman Federal la, atravè Kòporasyon Garanti Benefis Pansyon yo (Pension Benefit Guaranty Corporation; PBGC), li asire pifò plan benefis defini prive yo. Pou plan benefis ki defini ki tèmine yo ki pa gen ase lajan pou peye tout benefis yo, PBGC a pral garanti peman benefis pansyon ou akeri dwa pou yo, rive nan limit lalwa fikse. Pou plis enfòmasyon konsènan garanti lè yon plan tèmine, kontakte Pension Benefit Guaranty Corporation (Kòporasyon Garanti Benefis Pansyon) gratis nan (1 800) 400-7242, oswa vizite sit wèb la.

  • Si plan an ki tèmine a se yon plan kotizasyon ki defini -

    PBGC a pa garanti benefis pou plan kotizasyon ki defini yo. Kiratè ak administratè plan kotizasyon ki defini yo ta dwe poze aksyon pou peye aktif plan an.

  • Si yo te vann konpayi w lan epi plan w lan te fè fizyon ak yon lòt plan –

    Règ plan w lan ak chwa envestisman yo gendwa chanje si konpayi w lan te fè fizyon ak yon lòt. Enstitisyon travay ou an gendwa chwazi fizyone plan w lan ak yon lòt plan. Si yo tèmine plan w lan an akoz fizyon an, benefis ou te akimile yo pa kapab redui. Ou dwe resevwa yon benefis ki omwen egal a benefis ou te gen dwa a li an anvan fizyon an. Nan yon plan kotizasyon ki defini, valè kont ou an gendwa kontinye ap varye apre fizyon an sou baz pèfòmans envèstisman yo.

    Règ espesyal yo ki aplike sou fizyon plan benefis ki defini pou plizyè enstitisyon travay, yo anba jiridiksyon PBGC a. Kontakte PBGC a pou plis enfòmasyon gratis nan (1 800) 400-7242, oswa vizite sit wèb la.

  • Si enstitisyon travay ou an fè fayit-

    Anjeneral, aktif retrèt ou yo pa ta dwe gen risk si enstitisyon travay ou an deklare fayit. Lalwa federal egzije pou plan retrèt yo finanse benefis yo te pwomèt yo yon fason ki apwopriye epi kenbe aktif plan an yon fason ki separe avèk aktif biznis enstitisyon travay la. Fon yo (lajan yo) dwe kenbe nan fon plasman oswa envesti nan yon kontra asirans. Kreyansye (moun ki bay kredi) enstitisyon travay yo pa kapab fè reklamasyon sou fon plan retrèt yo. Sepandan, se yon bon lide pou konfime ke tout kotizasyon ke enstitisyon travay ou an dedui (retire) nan chèk salè w la transfere nan fon plasman oswa kontra asirans plan an atan.

    Evènman biznis enpòtan tankou fayit, fizyon, ak akizisyon ka lakòz enstitisyon travay yo abandone plan kont endividyèl yo (pa egzanp: plan 401(k) yo), epi yo pa kite okenn kiratè plan ki pou jere li. Nan sitiyasyon sa a, patisipan yo souvan gen gwo difikilte pou yo gen aksè a benefis ke yo fè gany de yo epi yo pa gen pèsonn pou yo kontakte pou poze kesyon. Gadyen tankou bank, konpayi asirans, ak konpayi fon mityèl yo, yo rete ap kenbe aktif plan sa yo men yo pa gen otorite pou yo tèmine (mete fen) nan plan yo epi distribye aktif yo. Kòm repons, Ministè Travay la te pibliye règ pou kreye yon pwosesis volontè pou gadyen an fèmen biznis plan an yon fason pou distribisyon benefis yo ka fèt epi pou plan an tèmine. Ou ka jwenn enfòmasyon sou pwogram sa a sou sit wèb Depatman Travay la.

Ou bezwen asistans nan men yon Konseye sou Benefis?

Kontakte Konseye Benefis nou yo elektwonikman oswa lè w rele gratis nan (1 866) 444-3272.